Fè konesans ak yon syantifik Ayisyen
- Adenin (A) ak Timin (T): “Zanmitay nou djanm”
- Gwanin (G) ak Sitosin (C): “Zanmitay pa nou Piii djanm”
Jan mwen te eksplike nan yon videyo mwen te fè deja, strikti molekil ADN nan se tankou 2 fil ki antrelase.
Molelik ADN ki nan selil kò nou bay selil yo entriksyon pou yo fonksyone. Kat (4) eleman konbine nan molekil ADN nan pou ekri enstriksyon sa yo. Eleman sa yo se Adenin (A), Gwanin (G), Timin (T), ak Sitosin (C). Nan langaj syantifik, yo rele yo “baz” oubyen “nikleyotid”. Gen moun ki konn di 4 “nikleyotid” yo se alfabè lang selil yo.
Nikleyotid nan youn nan fil nan molekil ADN relye ak nikleyotid nan lòt fil opoze a. Se sak fè yo konn konpare molekil la a yon nechèl. Men sa ki vreman relye nikleyotid yo nan chak bò fil yo se lyezon Idrogèn (H).
Adenin (A) toujou mache ak Timin (T) e se de (2) lyezon Idrojèn (H) ki relye yo.
Sitosin (C) toujou mache ak Gwanin (G) e se twa (3) lyezon Idrojèn (H) ki relye yo. Paske se 3 lyen Idrojèn ki relye Sitosin (C) ak Gwanin, lyezon pa yo a pi STAB, pi fò, e sa pran plis ENÈJI pou separe yo.
Mwen fè videyo sou ADN deja. Men lyen an:
Kareen Seignon
04/09/2022