Fè konesans ak yon syantifik Ayisyen
Alice Ball se te yon syantifik nwa Ameriken. Li fèt nan lane 1892. Malerezman li mouri nan jenès li nan lane 1916. Li te gen sèlman 24 lane. Pou kòz lanmò li, yo rapòte se gaz klorin ki pwazonnen l pandan li t ap travay nan yon laboratwa. Klorin (Cl) se eleman ki konbine, nan lanati, ak sodyòm (Na) pou bay sèl (NaCl) nou konn itilize pou fè manje a. Lè klorin pa konbine ak sodyòm, li se yon gaz toksik.
Alice Ball se premye fanm ak premye nwa Ameriken ki gradye ak yon mastè nan chimi nan Inivèsite "College of Hawaii" nan peyi Etazini.
Rechèch syantifik Alice Ball te pèmet li vin premye moun ki te devlope yon trètman efikas kont lalèp alepòk. Yo rele teknik trètman Alice Ball la "Metòd Ball".
Alice Ball mouri tèlman jèn, li pa t gentan wè nan ki nivo trètman li te devlope a te vrèman itil anpil moun ki t ap soufri maladi lalèp la alepòk. Li te menm manke pa jwenn kredi pou metòd la. Prezidan Inivèsite "College of Hawaii" kote li tap travay la, Dr. Arthur Dean, te pran metòd Ball la, li di se li ki te devlope l, e menm te bay metòd la pote non l, "Metòd Dean". Men, nan lane 1922, sizan apre lanmò Alice Ball, yon lòt syantifik ki rele Dr. Harry T. Hollmann, te deside bay Alice Ball kredi pou metòd la nan yon atik syantifik li te pibliye.
Pratik pa bay fanm kredi pou dekouvèt yo te konn fè te trè kouran alepòk. Gen lòt fanm syantifik ki viktim pratik sa tou. Menm jiskanojou sa fèt sitou lè ou pa gen bwa dèyè bannann ou.
Referans: Worthen, M. W. (2018, March 1). Alice Ball Biography.
Kareen Seignon
07/31/22