Fè konesans ak yon syantifik Ayisyen
Depi ou wè peryòd ete a rive, epi mwen pa gen yon ti liv amizan pou mwen li, mwen santi gen yon bagay ki manke.
Mwen sonje peryòd vakans Ayiti. Depi lè m gen 11, 12 zan mwen ak gran sè m nan te konn al fè vakans an pwovens kay granparan m sou bò manman m. Granpè m te gen abònman yon bilten ki rele "Bon Nouvèl" atravè legliz Katolik zòn nan. Bilten sa te ekri an Kreyòl. Li te konn gen ladann bon ti istwa, blag, jwèt, elatriye.
Mwen sonje depi jou nou rive a, kou nou fin fè yon ti repoze, paske vwayaj la antijan long ak fatigan, ou wè granpè m gentan kontan, l al chèche tout nouvo bilten "Bon Nouvèl" li te resevwa pandan nou pat la yo pote ba nou. Se komsi, se tann li t ap tann nou vini pou li ba nou yo pou nou li. De twa jou pat pase, nou te gentan li tout.
Bilten "Bon Nouvèl" sa se sete tankou yon aperitif. Nou te toujou santi nou te bezwen li plis liv toujou pou vakans la. Se Granpè m ki te pran men nou mennen nou nan bibliyotèk nan bouk la. Gen liv se nan bibliyotèk la sèlman nou te ka li yo. Gen lòt nou te ka prete ale lakay nou. Nou te toujou pran prekosyon pou nou pa abime liv nou te konn prete yo, epi retounen yo a tan.
Se gras a bibliyotèk nan vil pwovens sa mwen premye fè rankont ak otè Maryse Condé atravè liv li tankou "Moi, Tituba, Sorciere". Se la mwen li anpil liv otè Ayisyen tankou "L'Odeur du café". Mwen te konn li anpil liv "bande dessinée" tou. Mwen li liv ki te fè m ri, ki te fè m tris, ki te fèm reve, ki te ban m lespwa, ki te pouse reflesyon m pi lwen, elatriye.
Ensekirite nan peyi a ka vin rann difisil pou fè timoun yo enterese a fè lekti. Pa egzanp, ale nan bibliyotèk ak timoun yo prèske enposib nan zòn metwopolitèn nan, e se domaj.
Pou vil pwovens yo, si dinamik vil pwovens sa yo pa chanje, vakans la ap yon bon opòtinite pou timoun yo al nan bibliyotèk pou yo chwazi liv yo renmen pou yo li.
Aksè ak liv ak bibliyotèk pa dwe yon kòve! Se yon aktivite timoun yo ta dwe pran plezi ladann!
Menm si jodi a mwen antijan nostaljik, m ap toujou kenbe vivan bèl ti moman mwen te konn pase nan vil pwovens sa te gen yon epòk.
Kareen Seignon
Fondatè Tikalab
Tikalab Founder
07/17/2022
YON TI RAPÈL POU PARAN AYISYEN PANDAN VAKANS LA (...)
Pandan vakans lan si gen nan nou ki ap tou pwofite bay timoun nou leson, nan nivo sa posib, nan matyè STEM yo tankou matematik ak byoloji, pou m site sa yo sèlman, sonje pou nou byen jere timoun yo.
Si yo pran tan pou yo konprann yon bagay, kite yo pran yon ti poz! Aprann pa dwe yon kòve.
Pandan n ap ba yo leson an pa fè vyolans sou yo nan ba yo kou oubyen di yo koze ki ap kraze estim yo. Gen paran ki konn menm ap di pitit yo: "Ou pa pitit mwen ankò si ou paka konprann sa" Smh! Dèfwa mande tèt ou si se pa ou menm ki pa eksplike byen pito. Ou menm tou ou ka bezwen pran poz pou reflechi sou pi bon fason pou eksplike yon konsèp.
Sonje tou, timoun yo nan yon sistèm bat pakè kote yo santi tout repons deja la deja. Lè konsa, yo konn pè fè lespri yo travay paske yo pa vle bay yon move repons. Lè konsa, si n ap travay matematik ak yo pa egzanp, mande timoun nan anvan: "Si ou gen pwoblèm sa, kijan ou tap rezoud li?" Mande yo opinyon yo, konsa ou ap ka bati sou sa yo konnen deja.
Si se videyo Tikalab yo y ap gade, tanpri kite timoun yo gade videyo yo tèt frèt. Nou ka ba yo kout men nan repwodui eksperyans yo ak reponn kèk kesyon yo ka genyen. Si yo pa konprann videyo yo tou, SE PA YON PWOBLÈM DITOU. Videyo yo ap omwen aktive kiryozite yo.
Sa ki pi enpòtan pandan vakans la, se bay timoun yo tan pou yo jwe pou ede devlope kreyativite yo. Fè yo eksplore anvironman yo. Si nou konn abitye al nan vil pwovens ak yo, fè sa depi dinamik vil pwovens sa yo pa twò chanje kote nou ap santi nou AN PÈ ak nan mitan FANMI nou. Mennen yo nan bibliyotèk pou yo chwazi liv kifè yo plezi. Lè yo fin manje yon fwi, pran yon ti tan pou ou fè yo plante grenn nan. Raple yo pou yo bwè dlo ak chalè sa. Epi sonje ba yo lanmou ak afeksyon.
Kareen Seignon
Fondatè Tikalab
Tikalab Founder
07/03/22